Mezi konsèvatwa kont Kòdonatè PNCS nan depatman Nò a

1,193

07-09-2022

Nan yon lèt direksyon Resouzimèn Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè (PNCS) mete deyò, li enfòme kòdonatè depatman Nò ki se Djail Covsky AIMABLE, ke direksyon an pran mezi konsèvatwa kontre li pou “Fot Administrativ grav, ak Ensibòdinasyon” ke li kòmet nan PNCS Nò a daprè antant ki genyen nan kontra egzèsis fiskal 2021-2022 a.

Me rezon ki jistifye yon parèy desizyon:

1) Li Pa gen respè pou konfidansyalite nan PNCS, daprè atik 10
2) Li pa genyen rezèv profesyonèl, daprè atik 11
3) Li echwe nan aplike nòm ak kondwit enstitisyon an, daprè atik 12

Desizyon direksyon Resouzimèn Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè (PNCS) la pran an, vini aprè konklizyon komisyon ankèt Kòdinasyon Nasyonal PNCS la te mete kanpe pou te fè limyè sou manje ki te detounen nan depatman Nò a nan mwa pase yo. Nan mezi konsèvatwa sila, direksyon Resouzimèn Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a enfòme kòdonatè depatmantal Nò a li gen yon sispansyon pou 63 jou ouvrab epi yap kenbe chèk li.

Lèt sila pote siyati, Direktè Resouzimèn PNCS la, Lewis MEDULME
Kopi lèt sila ale jwenn : Kòdonatris Jeneral PNCS la, Djina Guiller DELATOUR, Junior MAILLARD, Direktè Finansye ak Bonviolio MARCELIN, Direktè Administratif.

Comments are closed.