Federasyon Entènasyonal Jounalis yo prezante bay la près, bilan katastwofik sou lanmò jounalis yo pou ane 2023 a.

939

01-04-2024

Etazini, Washington____(TRiboLAND) Nan yon rapò Federasyon Entènasyonal Jounalis yo rann piblik nan jounen jedi 04 janvye 2024 la, yo prezante bay gran piblik la bilan katastwofik sou lanmò trajedi jounalis yo nan lemon.

Anviwon 120 jounalis ki fè non yo nan sektè près la pèdi lavi yo. Pami 120 jounalis sa yo genyen 109 gason ki pèdi lavi yo san konte11fanm, yon chif ki parèt deranjan nan balans enstitisyon kap defann dwa moun yo.

Pou montre angajman yo nan kad rapò a, Federasyon an fè konnen, 68% nan jounalis ki mouri yo se nan batay ki genyen nan Gaza, Palestine elatriye.

Pou frennen latriye zak teworis sa yo, Federasyon Entènasyonal Jounalis yo ensiste sou nesesite pou redije yon enstriman jiridik k ap pèmèt yo trennen Leta iresponsab sa yo devan lajistis.

Comments are closed.