Kamewoun: Achevèk emerit Douala a, Christian Tumi di planèt la babay

317

04/03/2021

Douala, Kamewoun______(TRiboLAND) Kamewoun leve anba chòk maten samdi 3 avril 2021 avèk nouvèl lanmò Achevèk emerit Douala a, Christian Wiyghan Tumi.

Se monsenyè annaprè a, monsenyè Samuel Kléda ki anonse nouvèl la maten nan yon kominike. Lidè eklezyastik la mouri nan yon lopital nan Douala, li te youn pami pi gro vwa otorite moral nan Kamewoun. Li te kidnape 5 novanm 2020 e relache 6 novanm 2020.

Nan dènyè ane sa yo, Kadinal la te toujou envesti nan chèche solusyon nan kriz atravè konfli ki toujou t’ap sakaje manmwèl peyi Kamewoun. Achevèk emerit Christian Tumi te fèt 15 oktòb 1930 e li te genyen 91 lane.

Comments are closed.