Fanm yo pwoteste kont diktatè Jovenel Moise ak kominote entènasyonal la nan Pòtopwens

326

04/03/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Fanm yo desann pa pakèt nan kapital Dayiti a jodi samdi 3 avril 2021 an pou pwoteste e rele koukouwouj dèyè ensekirite, kòripsyon ak yon prezidan defakto Jovenel Moise ki pran Palè nasyon an an otaj e ki enstore yon diktatè kidnapping e sanginen anndan peyi a.

Tankou jan yo te pwevwa sa, anba lobedyans yon latriye òganizasyon fanm tout kalite, yo te plizyè milye fanm kreyòl total ki te deside pran lari Pòtopwens pou rele amwey dèyè gouvènman kidnapping Jovenel Moise la ki enstore yon diktatè san fwa ni lwa anndan peyi a.

Platfòm òganizasyonèl yo te pwofite egalman voye toya sou kominote entènasyonal la ke yo akize ki fè yon sèl ak diktatè a e G9 pou topizi popilasyon ayisyèn nan. Slogan nan yon seri pankàt, mete plat atè òganizasyon entènasyonal tankou: OEA ak ONU ki detèmine pou fè enjerans e trennen pèp ayisyen an nan eleksyon maskarad Dermalog pwepwograme ak mèt dàm pike kole. Yo te pwofite mande jistis pou Bèlè, ki apèn anrejistra yon lòt masak ankò anba men G9 Moise la, kote ke genyen pwèske yon douzèn moun ki ta mouri san konte blese ak yon latriye kay ki bwile.

Gwo womble sa ki te reyini tout fanm tout plimay nan vi nasyonal la, te vle mete anfaz egalman sou joune nnasyonal fanm yo ki raple yon gwo jounen mobilizasyon istorik e masiv ki te pran jarèt nan lane 1986 kont ekskluzyon fanm nan vi politik peyi a.

Nap raple, se sèl nan peyi Dayiti pou yon goril gang tankou Babekyou fin egzekite moun nan Bèlè epwi site non diaspora ayisyèn nan nan krim enfènal sa yo atravè konferans deprès repunyan ak konplisite pouvwa kidnapè kòripsyon an.

Enel Richard, Pòtopwens

Comments are closed.