Branch opozisyon Nòdwès la, mande popilasyon an pran lari nan okazyon 217è lane batay Vètyè a

293

11\17\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès jounen lendi 16 novanm 2020 an, plizyè pati politik nan opozisyon an tankou: Fowòm patriyotik, Pon ak Ayiti an aksyon te reyini nan lide pou mande popilasyon site Kapwa Lamò a, leve kanpe nan okazyon 217è lane batay Vètyè a.

Me Kerby ki tap depoze nan sikonstans lan, soulinye depi apwè asasina papa nasyon an, pèp ayisyen an ap monte yon veritab kalvè avèk kolon nwa ki tounen koutche kolon blan pou kraze zo mas pèp la nan tabli enjistis, ensekirite, lamizè, chomaj, aplikasyon vye lwa ak vann tèritwa zansèt yo.

Li pa yon sekrè pou pèson, 10 zan gouvènans pouvwa PHTK a, se prèv kote mansonj tounen dlo kap koule nan larivyè, krim se bagay chak jou, kidnapping pouse tankou djondjon, rafik ògann ak dwòg ofisyalize enpinite ak enjistis agogo, koripsyon vin legalize, masak pou piyay, libète pou moun manifeste se boul lò, gang miltipliye tou patou nan peyi a, bandi ak ofisyèl se marasa, katye popilè tounen zòn non dwa, krim deta se zak chak jou,lavi chè donnen tankou zèb tènite, pa gen lopital, pa gen lekòl ak inivèsite leta, tout enstitisyon leta kraze nèt ale. Dapwè lidè opozisyon an, sa yo se mak fabrik pouvwa PHTK a.


Pou Me Andalasse Mertilus, fenomèn sa yo, mete sou enkapasite dirijan yo, pouse opozisyon branch nòdwès la mande ak popilasyon an mobilize. Menmjan mouvman mobilizasyon an anonse nan tout peyi a nan dat 18 novanm lan.

Konsa, pou Apoléon Trompe, li enpòtan pou tout kouch viv nan peyi a leve kanpe paske li pa posib pou timoun, fanm ansent, jèn, granmoun ap viv san sekou. Li kontinye pou l di peyi a plonje nan yon pè sistematik, elèv lekòl pè pou ale lekòl, machann yo pè al nan mache, e mande ak pastè, pè, ougan, profesyonèl, leve kanpe.paske li pa nòmal pou yon popilasyon ap benyen nan laperèz.

Sepandan, pou Me Kerly Dubreus ak Maxo Noël, site kapwa lamò a kite reprezante basyon mistik ak ekonomik peyi a,tonbe andegraba akòz mafya ekonomik ak enperyalis yo kenbe peyi a anba grif yo.

Pou fini,nan okazyon 217èm selebwasyon batay Vètyè a, li enpòtan pou pèp ayisyen an toupatou leve kanpe pou dechouke ekip PHTK a, espesyalman depatman nòdwès la ki tounen yon veritab lanfè kote bandi san fwa ni lwa boule plis pase 2000 kay nan sen lwidinò ak plizyè dizèn moun asasinen, plizyè santèn moun depeyize, pami yo: pè, pastè ougan, plizyè milye tèt zannimo peyizan vòlè dechèpiye, plis pase 4 otobis dechèpiye, labou ak fatra toupatou nan vil Pòdpè tout vil la bloke.

Li enpòtan pou pèp ayisyen an pran wout zansèt nou yo te pran pou kase chenn lesklavaj, pandan nap konbat san rete tout lòt sistèm ki gen plan gaye lamizè.

18 novanm 2020, se libète ou lanmò fòk nou dechouke PHTK.

Genson Hyppolite, Triboland

Comments are closed.