Chantè gwoup mizikal ki pote non “Frizz” la resevwa anviwon 4 pwojektil jounen madi 02 janvye 2024 la.

1,021

01-02-24

Jan Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Sektè mizikal la nan depatman Nòdwès peyi Dayiti resevwa yon gwo fwap. Cliff ke tout moun konnen ki se chantè #1 gwoup mizikal ki pote non “Frizz” la, resevwa anviwon 4 pwojektil nan premyè seksyon komin Jan-rabèl, lokalite Raymond, jounen madi 02 janvye 2024 la.

Atis la ki te byen mal apre li te fin vèse anpil san, pou koulya transpòte abò yon elikoptè nan lopital inivèsite OFATMA nan Mibalè.

Li enpòtan pou konnen, gwoup mizikal ki pote non “Frizz” la, se yonn epi inik gwoup mizikal ki fè pati 12 bèl figi pou ane 2023 a nan tablo Port-de-Paix Sport Light.

Comments are closed.