Anpil machwè gonfle: Kriz ensekirite a koz lajan pa ka sikile nan peyia

923

04 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès moun boude tankou kong nan plizyè biwo transfè jodi lendi 01 avril 2024 la nan vil Pòdpe. Sitwayen sila yo ki te leve bone nan riske vi yo pou al pran liyn devanjou devan labank, pa jwenn sèvis paske se moun ki gen jiska 50 dola ki ka jwenn sèvis.

Daprè plizyè moun ki te vin pran lajan pou peye kay ak lekòl, se yon veritab pelerinaj lanavèt yap fè depi kèk jou akoz yo gen transfè ki plis ke 200 dola yo pa ka jwenn lajan.

Daprè sèten responsab biwo, se yon pwoblèm ki pa depan de yo paske Labank limite kantite lajan yo bay biwo yo. Labank ap fè bank!

Comments are closed.