Komin Petyonvil : Lapolis fouke yon gwo zwazo ki te enplike ragagann nan lanmò pwezidan Jovenel Moise la

967

10-19-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Youn nan sispek kle nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la, Joseph Felix Badio jwen arestasyon li jodi jedi 19 oktòb 2023 a, nan komin Petyonvil.

Arestasyon pwezime asasen Badio, fèt nan moman ke li tap achte nan yon makèt ki rele “Big Star Market” nan Petyonvil, dapwè konfimasyon pòtpawòl Polis Nasyonal Dayiti a, Garry Derosiers.

Nap raple, Joseph Félix Badio, te genyen yon gwo manda “trennen pote vini” ki te pandye sou tèt depi zak asasina pwezidan Jovenel Moise la. Yo ta konsidere li kòm sèvo zak kriminèl la.

Comments are closed.