Jij entriksyon ki sou ka asasinay jounalis Néhémie Joseph la, rale kò’l nan dosye a

336

11\24\20

Majistra ki tap travay sou dosye asainay jounalis Mibalè a, Néhémie Joseph ki te jwen lanmò li asasine ak bal nan kòf machin li nan pak Bayas nan Mibalè 14 oktòb 2019 sou gouvènman PHTK a.

Aprè plis pase yon 12 mwa, anpil moun sezi tande ke jij Samson Jean ki tap ankete sou dosye asasinay korespondan Radyo Méga a nan Plato Santral e egalman jounalis Radyo Panik FM la, pran panik e deside rale kò’l nan yon parèy dosye. Se yon veritab kout dlo frèt ki tonbe sou yon pakèt moun ki swàf wè jistis pou fanmiy ak zanmi viktim nan. Selon Jij Samson Jean, kesyon òd sekirite gen anpil pou wè avèk yon parèy desizyon.

Konsa, dosye jounalis la riske evapore ou pèdi nan tiwa listwa nan avantaj koupab ou otè entèlèktyèl krim dramatik sa yo ki pa sispan ap fè mannèv ak presyon sou lajistis. Nan kad ankèt, lajistis sèlman te arive arete yon endividi ki pote non Clerjeune Juste Chandou 17 janvye 2020 pase nan Repiblik Dominikèn. Lajistis ayisyèn konsidere Chandou kòm yon prezime asasen ki gen anpil pou wè avèk lanmò jounalis Néhémie Joseph.

Comments are closed.