Tantativ evazyon nan pwizon Mibalè a : yon mò ak plizyè blese

466

07/08/2021

Mibalè______(TRiboLAND) Popilasyon komin Mibalè a kòmanse jounen 8 jwiyè 2021 an ak yon pakèt gwo detonasyon kout zàm ki tap soti nan direksyon pwizon sivil . Yon sitiyasyon ki te kreye anpil panik leve kouri akoz tantativ evazyon pwizonye yo nan espas kaseral.

Konsa, sitiyasyon katchouboumbe sa okazyone lanmò yon polisye ak plizyè lòt ki blese anba bal pwizonye rebel. Se nan anpil bwàs ak malmakak fòs sekirite pwizon an arive genyen kontwòl sitiyasyon an.

Comments are closed.