Sen Lwi Dinò – Ensekirite : ponyèt yon moun koupe, yon bandi fè vwal pou peyi san chapo

2,473

01/16/2022

Larivyè Ba, Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Lavi chè ak ensekirite se 2 bon zanmi ki pa janm pa ansanm nan tout ra kwen vyolans peyi Dayiti, patikilyèman nan depatman Nòdwès la. Samdi 15 janvye 2022 a, zak vyolans okazyone yon machann pèdi ponyèt li, yon bandi fè vwal pou peyi san chapo nan Larivyè Ba, yon lokalite nan komin Senlwi di Nò ki twouve l nan Nòdwès peyi a.

Kòm nan anpil lòt zòn nan depatman Nòdwès la, “Mache Larivyè Ba” a toujou reyini plizyè santèn moun ki sòti toupatou swa ki vin vann, swa ki vin achte; mache sila a opere pandan 2 jou nan semèn nan (Mèkredi-Samdi). Yè samdi an, mache a ta pral konnen gwo tansyon, kè kase bò kote machann tankou achtè.

Yon bandi ke enfòmasyon yo poko revele vrè nonl, men ki gen ti non gate li ki se Elby, arive koupe ponyèt yon machann nan mache Larivyè Ba nan apwè midi samdi 15 janvye a. Elby arive komèt yon parèy krim paske machan nan tou senpleman te refize ba li 100 goud. Konsa, “fè koupe fè”; yon group gang kap opere nan kanton Larivyè Ba depi yon bon bout tan ki pote non “Ti Rach” rantre nan mache rapid rapid pase Elby alenfinitif.

Selon kèk moun nan kanton an, sitwayen sa a fè resèt nan mache a 2 fwa pa jou depi yon machann ta di l pa genyen li bat li ou byen li blese l. Li apèn sot pase anviron 18 mwa nan prizon pou menm zak malonèt sa yo. Li te fè pati de gwoup ki te konn ap fouye moun leswa e menm rive detourne machin moun ki pa konn zonn nan byen. Fouye trou nan rivyè a epi oryante chofè yo pou yo tonbe, apwè pou li ak akolit li piye machin nan.

Comments are closed.