Sektè Protestan an ap miltipliye presyon ki egzije demisyon Pastè Frinel Joseph nan KEP

473

Pòtoprens___(TRiboLAND) Aprè ke reprezantan “Droits humains” an, Jean Simon Saint-Hubert deja bay demisyon l nan Konsèy Elektoral Pèmanan an, koulya se tou pa sèktè protestan an kap mande reprezantan yo pran distans yo egalman ak KEP.

Nap yon lèt li adrese bay diferan responsab misyon protestan nan peyi Dayiti, Pastè Ernst Pierre Vincent denonse manèv prezidan Jovenel Moise pou òganize eleksyon nan yon sitiyasyon tèt chaje.

Konsa, responsab legliz la, envite sa yo ki te chwazi Pastè Frinel Joseph kòm reprezantan sektè protestan an pou KEP, pou li rale kòl bwit sou kou nan enstitisyon sa ki pase plis ke lane ke moun pat janm tande.

Comments are closed.