ONASH remèt yon Plak Donè e merit bay Rock Juvens Clavel, pou kalite efò ke li founi nan zafè foutbòl nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

947

12-31-23

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon seremoni ” Observatoire National Du Sport Haïtien” (ONASH) te òganize nan kapital peyi Dayiti, yo rive reyini plizyè pèsonalite ki make anpwent yo nan zafè espò a nan peyi Dayiti, pami yo Rock Juvens Clavel yon orijinè Nòdwès.

Rock Juvens Clavel pou ane 2023 a ta pral òganize plis pase 3 kopetisyon nan Site Kapwa Lamò a, san konte divès lòt sipò ke li te pote nan komin yo tankou nan Jan-Rabèl ak nan plizyè seksyon kominal pou te fasilite balon won woule.

Pwomèt depatman Nòdwès la plis aktivite pou lane 2024 la, prezidan lig foutbòl Pòdpè a, Rock Juvens Clavel, deja anonse yon latriye kopetisyon pami yo, yon” Ligue des Champions”, ak tout ekip ki te sakre chanpyon yo nan lide pou kontinye mete espò a sou yon lòt ray nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.