“Bèl mache” se yon inityativ divès oganizasyon nan sosyete sivil lan pwan pou mete an valè pwodiksyon lokal yo nan Jeremi.

919

12 – 31 –2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Oganizasyon Fanm Konbatan Gebo (OFKG) ak Rezo Oganizasyon Pwodiktè Agrikol Grandans (ROPAGA) pou peryòd fèt fend ane 2023 a, sou non “Bèl Mache”, oganize plizyè jounen ekpozisyon pwodwi lokal nan lokalite Gebo, Vilaj Vètigo kote pri prodwi yo reponn nan avantaj majorite a.

Daprè Kodonatris OFkG lan, madam Hélène Lundy, ansanm ak pwodwi agrikol sila yo, pa genyen anyen kom sibtans ki kapab nwi sante konsomatè yo.

Sete okazyon egalman pou Kodonatris lan, ankouraje tout ayisyen pwan konsyans, pou fè yon chenn solidarite nan travay ansanm, yon fason pou n rejwenn souverente alimantè n, sa ap pèmèt nou pa al trenen bòl ble nou kay vwazen.‎

Comments are closed.