Reyaksyon Me Inodet Merisier kont dispozitif nouvo Batonye Pòdpè a pran pou pouse do’l deyò baro a

256

11\08\2020

Jodi a mwen vle reaji sou dispozisyon nouvo Batonye a pwan pou chase mwen nan Baro Pòdpè a. Pou li fè sa, li pale de kod enstriksyon an, dekrè 29 mars 1979 la, yon rezolusyon baro yo nan lane 2013 ak yon jument avant du droit TPI podepè a.

Me Inodet MERISIER, av.



Avan tou nap di batonye a se pa avant du droit yo di men se “jument avant dire droit.” Nap fè batonye a konpwann li paka pase majistra yo lòd menm si se yon konplo li fè ak kèk majistra ki pa respekte tèt yo.

Poum klè, map di tout moun ankenn nan referans nouvo Batonye a bay yo pa kanpe sou anyen, yo pa di sa batonye di a. Epi tou, tout moun ka wè batonye a pa konnen anyen nan sa ki gen arevwa ak la loi.
Si la loi te di sa vre yo patap bezwen yon rezolisyon.

Epi map fè tout moun konnen mwen sot pase 8 lane kom trezorye nan baro a, mwen pat janm nan enkonpatibilite, nouvo Batonye a te sèkretè e Me Job Louis te Batonye. Avan sa mwen te trezorye ansanm ak Me Nestor CALIXTE epi Me Gérard Athis.

Pouki sa se konnye a mwen ta an enkonpatibilite? Se la loi ki di men moun ki nan enkonpatibilite sa klè nan dekrè 29 mars 1979 la.

Ajoute ak sa, mwen travay nan lapolis sou profesyon mwen kòm avoka epi mwen gen anpil lòt avoka tou ki nome kap travay ansanm ak mwen. Eske avoka sa yo pa gen dwa plede paske yap travay sou profesyon yo nan lapolis? Eske si batonye sa a te jwenn djob nan lapolis sa tap fè li paka plede tou?

Nap raple tout moun, batonye sa a se yon ansyen polisye ki te revoke; se yon nan rezon ki kapab pote li rayi moun kap travay nan lapolis.
Map tann reyaksyon batonye sa a poum pale lot koze ankò!

Me Inodet MERISIER, av.

Comments are closed.