Lapolis ak lajistis nan komin Laskawobas ak Mibalè mare kou krab 3 gwo koure ki tap tante transpòte zam ak minisyon nan peyi Dayiti.

830

12-29-23

Mibalè, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis ak lajistis nan komin Laskawobas ak Mibalè mare kou krab, jounen vandredi 29 desanm 2023 a, 3 gwo koure ki tap tante bwote plizyè bwat zam ak minisyon sòti nan peyi vwazen.

San pèdi tan, komisè Flery ki te sou plas fè konnen 3 gwo koure ki anba kòd yo, se Smith Belgade, Robenson ak Jean Libre Descolines ke anpil moun konsidere kom sitwayen sangwen peyi a..

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, 3 mesye sa yo te mete zam sa yo ak latriye minisyon sa yo anba yon pick-up ki imatikile TP 27197, ki tap transpòtè poul sòti nan Sendomeng pou rantre Ayiti.

Pou koulya, 3 gwo koure sangwen sa yo deja mare nan poto komisarya Mibalè, nan depatman Sant peyi Dayiti, annatandan yo pwente tèt yo devan jij natirèl yo.

Comments are closed.