Lapolis nan Nor peyi a poze lapat sou yon kantite sibtans ilegal ak yon reselè

872

12 – 31 – 2023

Nan yon operasyon tranble janm, ajan BLTS nan depatman Nor peyi Dayiti poze lapat sou yon kantite mariwana ak lot zouti vandredi 29 desanm 2023 a, lakay yon nome Moise ki ta enplike nan trafik ilegal. 

Moise , nan moman operasyon sila, te gen chans glise anba men Lapolis, aloske Adrienne Etienne, ki se yon natif natal Monben Kwochi, e ki tab kamoufle evidans yo, te jwen arestasyon li. 

Ajan BLTS yo dekouvwi sibtans pay sèch ki tèt koupe ak mariwana (1 kilo), ak yon magogo lajan ki estime 12840 goud, 2 ti balans, ak yon telefonn Samsung A21-S. 

Comments are closed.