Otorite Ladwann nan Beladè pase anba fanm dife yon gwo kagezon katon ze anpwazone dominiken

975

10-15-2023

Beladè, Ayiti______(TRiboLAND) Ladwann Beladè nan peyi Dayiti, poze lapat sou yon volim katon ze pyeje ki evalye prèske 15,000 ze ki tap soti nan Repiblik Dominikèn.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fè eta de yon sezi ki antre nan kad atik 259 Kod Dwanyè 1987 al, atik 227, 228, ak 229 ki fè referan ak machandiz kontreban. Otorite Ladwann yo san konte fòs polis fwontalyè (Polifwont) te pwosede ak destriksyon gwo kagezon ze anpwazone dominiken yo, ki te pase anba flanm dife jounen samdi 14 oktòb 2023 a.

Nap raple, van patriyotik ak konsyan nasyonal ki reveye lakay ayisyen yo nan dènye jou sila yo, mete ajenou ekonomi repiblik vwazen an ki pran yon malen plezi nan derespekte ayisyen lakay yo.

Comments are closed.