Pòdpè | Sekirite : Yon polisye UDMO anba kòd pou enplikasyon prezime nan vòlè kay moun nan dyaspora

11/22/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon polisye ki idantifye sou non Garry Sanon, manm inite UDMO nan Pòdpè, anba kòd pou enplikasyon prezime li nan yon dosye vòlè kay moun nan dyaspora. Daprè enfòmasyon yon sous nan lapolis bay, polisye a ta nan gadavi depi jedi 19 novanm 2026 la, nan kad ankèt otorite lapolis yo ap mennen sou dosye sa a. Pou kounye a, se akizasyon prezime ki sou do polisye a, pandan ankèt la ap kontinye pou detèmine responsablite chak moun ki ta enplike.
Menm sous la fè konnen Garry Sanon ta posede plizyè kay nan zòn nan. Pifò nan byen imobilye sa yo ta gen rapò ak tranzaksyon ki fèt nan kondisyon sispèk, kote ta gen kesyon fòs ak itilizasyon fo dokiman. Enfòmasyon sa yo, ki poko jwenn konfimasyon ofisyèl nan men otorite jidisyè yo, soulve anpil kesyon sou fason kèk byen moun ki nan dyaspora ta kapab chanje men san respè pou pwosedi legal yo.
Dosye sa a mete ankò aksan sou deklarasyon komisè gouvènman Jeir Pierre te fè, kote li te denonse enplikasyon prezime divès kategori moun nan zak vòl byen nan depatman Nòdwès la, tankou jij, avoka, polisye, apantè, e notè ansanm ak kèk sitwayen. Sitiyasyon sa a relanse deba sou nesesite pou ranfòse kontwòl ak ankèt sou zak detounman byen imobilye, sitou sa ki konsène moun ki kite peyi a. Popilasyon an ap tann pou lajistis fè limyè sou dosye a epi pran mezi ki nesesè kont tout moun ankèt la ta rive pwouve ki enplike.
Nap raple, sa genyen yon bon bout tan Nòdwès ap pran kou anba swadizan yon seri kad sangwen ki kidnape Lajistis nan enstitisyonalize vòlè tè, vòlè kav, vòlè kay ou vòlè espas yon latriye sitwayen konsekan kap viv nan dyaspora a. Pami kad sila yo, ou jwen anpil nan yo ki pa diferan de konpòtman Izo, Tilapli, Chrisla, Barbecue elatriye. Se yon seri rezo ki genyen yon nich avoka, jij, konmisè gouvènman, notè, komèsan, apantè, ansyen senatè, depite, ajan BSAP, grefye, polisye ak senp sitwayen kap fè pitit Nòdwès ki nan dyaspora ayisyèn lan pase nan yon je zegwiy. Yon dosye TRiboLAND.com ap swiv san domi nan je!






