Inogirasyon yon sitèn dlo potab nan Wo Ladig, 12èm seksyon kominal Tigwav.

104
0
Share:
TRiboLAND

03 – 05 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Òganizasyon entènasyonl Samaritan’s Purse, nan tèt kole ak plizyè legliz nan vil Tigwav pami yo, legliz Metodis; yo òganize yon seremoni inogirasyon yon sitèn dlo pòtab yè mèkredi 04 mas 2026 lan.

Nouvo sitèm dlo Wo Ladig la, arive konstwi nan kad pote sipò bay moun ki te sinistre yo pandan pasaj ouwagan Melisa a, nan lannwit madi 28 pou louvri mèkredi 29 oktòb 2025 pase a.

Seremoni an te dewoule an prezans divès otorite politik ak kèk reprezantan enstitisyon leta yo nan vil Tigwav; pami yo, 2 ajan egzekitif enterimè meri Tigwav, madam Marthe Noël Josselin, Paulmy Mascary, Kazèk zòn nan Soliman Nosalito, ansyen majistra eli Delor Desgranges, komisè gouvènman pakè jiridiksyon an, mèt Danilo Valès, komisè polis la, mesye Herard Joseph, pastè Luc Lefort Fontus, e notab yo ak manm nan popilasyon an.

Pastè Luc Lefort Fontus ki te pran la pawòl nan okazyon seremoni sila, te mande abitan yo pou mete tèt ansanm pou pwoteje sitèn nan. Daprè reveran Fontus, sitèn nan genyen kapasite pou l resevwa 21 mil galon dlo epi li genyen kapasite tou pou l bay plis pase 500 fanmi dlo pòtab nan kominote a.

Toutfwa, pastè Luc Lefort te pwofite limen pwojektè li sou rivyè Ladig li di ki toujou represante yon menas pou vil ak moun kap viv nan anviwonnen li. Li mande leta lokal ak santral pou pran responsabilite yo sou malè pandye sa a, ki plane sou tèt chak gren ‘n sitwayèn ak sitwayen yo nan komin Tigwav.

Share:

Leave a reply