Gonaiv:Yon operasyon PNH arive mete anba kòd 4 bandi sangwen e vide atè yon lòt nan echanj

319

11\24\20

Gonaiv____(TRiboLAND) Komisè gouvènman jididiksyon Gonaiv la, Mèt Serard Gasius ak konplisite lapolis mennen yon gro operasyon nan lanwit lendi 23 novanm pou rive madi 24 devanjou nan vil Gonaiv.

Swit ak zak kidnapping ki te arive fèt sou Litana Saintilma, otorite lokal yo te oblije mete tèt yo deyo pou agresivman rapouswiv bandi sangwen yo. Operasyon lanjelis la pèmèt yo arive poze lapat sou Fedler Charles alyas Maestro Japip ki genyen 25 lane, Dorsainvil Harold alyas Ti Bout ki genyen 33 lane, Francois Jean-Mary ki genyen 40 lane e Emmanuel Ofrancoeur, 40 lane.

Pandan kout sènay lapolis la, rezistans trè timid bò kote Alfred Alfredo tap pran chè alòske ripòs fòs lòd yo arive voye alenfinitif bandi rebel la ki arive tonbe nan echanj kout zam.

Konsa, operasyon lapolis la nan site Endepandans lan, pèmèt ke yo fè menmiz tou sou yon latriye magogo lajan ayisyen, zam ak minisyon san konte yon krèy telefòn.

Comments are closed.