Lidè FRN lan Guy Philippe, nan kad preparasyon mobilizasyon pou chanjman peyi Dayiti ,chita pale ak patizan, senpatizan l yo nan Jeremi.

853

‎ 12- 28- 2023
Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad preparasyon mobilizasyon pou chanjman an, Lidè Fron pou Rekonstri Nasyon Ayisyènn lan, Guy Philippe chita pale ak patizan, senpatizan l yo nan Jeremi.

Objektif pwensipal lan, se konsyantize, manm popilasyon an, nan kat kwen depatman Grandans lan, sou nesesite pou entegre batay chanjman an.

Daprè ansyen Senatè eli Grandans lan, Guy Philippe, se pwal yon mouvman gason pa kanpe kont enperyalis yo ak klas oligak konwonpi kap toupizi mas pèp defavorize yo.

Se yon mouvman sansibilizasyon, kote peyizan yo pwal blayi ak pote kole sou tout teritwa Grandans lan, ak nan tout lot depatman geografik peyi a.

Comments are closed.