Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri li sou fabrikasyon pwodwi chimik sou Zile Latòti.

934

03 – 11 – 2024

Latòti, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jèn yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, patikilyèman nan Mawouj sou Zile Latòti, Fondasyon TRiboLAND rive reyalize sòti ayè 9 mas pou rive jennen dimanch 10 mas 2024 la, 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri sou fabrikasyon pwodwi chimik nan seksyon kominal Mawouj nan lokalite Fonkiyèz.

Pou te demare e klotire 2 jounen fòmasyon sila yo, anviwon 60 patisipan kite sòti nan divès zòn te ogadavou yon mannyè pou te vinn mete konpetans abilite sou yo atravè yon seri fòmatè chevwonye san peye yon goud lesko.

Fòmasyon gratis sila kòm toujou, ta pral dewoule anba lobedyans yon komite kominal ki genyen kòm ala tèt Ducasse Christopher ki fasilite aterisaj metye teknik sila nan yon bat zye.

Fondasyon TRiboLAND ki genyen nan tèt li PDG Louissaint Louis, ke tout moun konnen sou non Papa Loulou, reyafime angajman ak detèminasyon li atravè tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti, pou anpeche jèn fanm ak jèn gason tonbe nan delenkans jivenil nan lide pou evite kenbe zam, men pito aprann yon metye pou yon apezman sosyal ak ekonomik.

Comments are closed.