COHD voye jete chwa reprezantan diaspora a nan KEP a

291

09\21\20

Etazini_____(TRiboLAND) Krèy òganizasyon ayisyèn nan Dyaspora (COHD) pran wout laprès pou denonse ak tout fòs li fòmasyon nouvo Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) ke li trouve ki enkonstitisyonèl ak ilegal. COHD pase men tou sou madanm Esperancia César kòm swa dizan reprezantan diaspora a nan nannan KEP la ki pa genyen kredibilite ak reprezantan nan diaspora.

COHD denonse desizyon egzekitif la ki pase anba pye atik 289 Manman lwa peyi a ki define klèman sou ki wòch dife yon KEP dwe chita.

Pi lwen COHD estime dezinyasyon Esperancia César a pa kanpe sou anyen; dayè yo pa konnen li soti nan oken zantray òganizasyon politik kap feraye andeyò peyi Dayiti.  COHD di, misyon choukèt lawouze egzekitif la konfye KEP la pa ditou danse kole tou ak atik 282, 282-1 ak 283 nan manman Lwa peyi a.

Comments are closed.