Aprè 2 jounen konsekitiv, Fondasyon TRiboLAND klotire yon fòmasyon gratis pou jèn yo nan komin Sèka Lasous

228
0
Share:
TRiboLAND

12 – 24 – 2024

Sèka Lasous, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk bote, kontantman ou rejwisans ke plis pase 70 jèn patisipan boukle 2 jounen seyans fòmasyon gratis sou dekorasyon, yon disiplin ki vize mete kichòy nan men sa yo ki vilnerab fas ak aktivite delenkans jivenil, gang, pwostisyon, enfliyans politisyen ki pafwa achte yo e pran yo nan zizirit.

Antouka, gras ak volonte ekip motive Fondasyon TRiboLAND nan komin Sèka, travay ki te vize pouf è jèn yo benefisye fòmasyon gratis TRiboLAND la, li ateri e ap genyen pou boujonnen lespwa pou yon mèyè demen avèk yon metye manyèl. Patisipan yo konte leve flanbo fondasyon an pi wo; se konsa, pandan evalyasyon pratik la, ki vital, yo ap genyen pou montre 2 ou 3 sitwayen ayisyen yon parèy konpetans abilite, ki tradwi kredo Fondasyon TRiboLAND lan, “Youn ede yon lòt pwodwi”.

Seyans fòmasyon yo te genyen yon dimansyon ki tea fiche yon nivo pwofesyonèl ki te trè soutni. Pwodwi final yo, patikilyèman “art floral” la te trè enspirasyonèl lakay majorite patisipan yo ki pat enterese ale lakay yo nan fen dezyèm jounen ki te klotire avèk anpil kontantman.

Nap raple, sa genyen mwens ke 2 semèn depi jèn nan komin Savanèt te resevwa fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND ki te plis chita sou aprantisaj sou “Dread Lock”.

Share:

Leave a reply