Dlo potab nan Jeremi, yon nesesite kap fè popilasyon an moute yon maswife

837

12 – 28 – 2023

 Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Divès abitan ki temwaye nan mikro TRiboLAND, fè konnen ke yo pa konnen ki sen pou yo rele nan penuri dlo ke yo ap anrejistre san pran souf. 

Dlo, ki se yon nesesite nan lavi tout vivan, riske mete andanje, lavi popilasyon an nan vil Jeremi, malgre, gro envesisman bayè de fon, tankou Bank Amerikènn devlopman BID ak Bank Mondyal, Koperasyon Espayòl, yon bagay ki rele DINEPA toujou pa anmezi pou alimante delivre ak konpetans ti gout dlo potab nan diferan rejyon nan peyi a.

Nan sans sa, manm popilasyon an, mande kominote entènasyonal lan pou founi je gade kòman leta ayisyen ap depanse lajan yo, aloske swadizan pwojè DINEPA yo pa janm genyen nannan. Se yon seri mannèv dezonèt ki pa kadre ak devlopman, san abouti a okenn rezilta, parapò a pwoblèm yo.

Comments are closed.