Kliyantèl konpayi transpò Aeryènn Sunrise Airways, denonse fason responsab yo ap imilye yo nan Jeremi.

963

12 – 21 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND ) Yon group pasajè ki te prezan nan Aeodwòm Jeremi an, fè konen yo peye 130 dola vèt meriken, ak konpayi Sunrise Airways, pou transpote yo nan Pòtopwens.

Rive nan Aeodwòm lan, nan nimero 2, moun yo fè konen yo pa wè avyon an, sou pis aterisaj lan, kèk minit aprè sevis kliyantèl lan ta pral apwann yo, yap mete yo nan yon ti bis pou al pwan avyon an nan Aeodwòm Antwan Simon nan Okay, e yap peye yon lajan an plis.

Fas ak vyolasyon grav dwa kliyantèl lan, ki sibi imilyasyon pou ènyèm fwa ak konpayi sila, yo mande enstans konsène yo ,di yon mo nan dezòd sa sila.

Comments are closed.