Gwo van panik k ap soufle nan peyi Dayiti lakòz tout vòl entènasyonal yo anile sou Ayiti.

948

02 – 29 – 2024
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Avyon yo sispann vole pou yon dire pèsòn pako konnen nan syèl nwa peyi Dayiti, se konsekans pawòl deregle premye minis sangwen ayisyen an, Ariel Henry, ki monte tansyon kapital la disèt wotè, jounen jedi 29 fevriye 2024 la.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, konpayi avyon yo pran desizyon sa a, se jis apre yon avyon san konte divès lòt bataklan ta ka kouri vòltije pou echape anba kout bal gang ame nan kapital la.

Pou epanye pasajè yo anba kolè nèg ak gwo zam manch long, konpayi ki pote non, Sunrise Airways la nan tèt kole ak divès lòt konpayi fè konnen, tout vòl entènasyonal ki tap pran direksyon Ayiti pou ale Etazini oubyen pran direksyon Etazini–Ayiti sispann pou yon peryòd pèsòn pako ka detèmine.

Comments are closed.