Jay: pitit gason resòtisan ameriken John Marc-Inrow ke yo te kidnape nan Dàm Mari jwen liberasyon li san yon goud lesko

380

12/23/20

Jeremi_____(TRiboLAND) Lapolis nan Grandans konfime liberasyon Jay Marc-Inrow, pitit gason 9 lane John Marc-Inrow ke bandi te kidnape pou 150,000 dola ameriken nan zòn Chyendan, 5èm seksyon komin Dàm Mari nan Grandans.

Selon sous polisyè yo, bandi sangwen yo te depose Jay nan lizyè Komisarya Grandans la e finalman lapolis ta pral rekipere’l nan men popilasyon an ki te kontinye vle proteje’l nan yon anbyans gras ak mizerikòd, selon sa kèk temwen rakonte.

Kontrèman a yon seri enfòmasyon ki ta sujere ke se ajan UDMO yo ki ta libere manu militari “Petit Jay”, plizyè sous ta deklare pa genyen sa pyès!

Antouka, Jay Marc-Inrow ke yo te kidnape libere yèswa ki te madi 22 desanm nan san yon goud lesko; sepandan papa Jay ki se Johnny Marc-Inrow toujou pa gaya men kap viv yon kondisyon sante ki mande entèvansyon medical akoz move tretman ke li te resevwa anba men bandi sangwen yo nan Dàm Mari.

Comments are closed.