Lapolis nan peyi Perou kanpe yon maryàj pou vyolasyon konfinman

273

09\07\2020

Huancayo____(TRiboLAND) Yo pat menm gentan di “Wi” yo te deja nan wout pou komisarya. Futi epou yo, envite, ak pastè, yo tout te arete nan mitan yon seremoni maryàj nan vil Huancayo nan peyi Perou, daprè sa otorite polisyè yo anonse.

“Yo tap selebre maryàj, se yon bagay ki konplètman entèdi”, daprè sa komandan polis la José Garcia ki deklare “malgre sa nou fè pou anpeche propadasyon viris la, popilasyon an montre ke li pa konpran”.

Daprè yon kotidyen ki rele “La Repiblica”, polis debake nan legliz pannkotis la e kanpe seremoni a e prosede ak arestasyon pasgè a, plis pase 12 envite ak koup la nan moman pastè a ta pral mande yo si yo ta vle vinn mari ak fanm.

Tout moun pase yon bon bout tan nan detansyon; nan kèk tan aprè yo te chaje chak tèt moun $150 ameriken e aprè prosede ak liberasyon yo.

Li enpòtan pou retni ke peyi Perou se twazyèm peyi nan Amerik Latenn nan ki gen plis dèy nan kowonaviris la, dèryè Bwezil ak Meksik.

Comments are closed.