Sosyete sivil Obè a, nan tèt kole avèk Dr Magellan Césaire asiste prizonye nan prizon Sivil Pòdpè ak yon pla cho

1,456

11-17-2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TriboLAND) Sosyete sivil Obè a, ki gen nan tèt li Louis Dallès Dessentiel, Marc Antoine Césaire pou-n site sa yo sèlman, nan tèt kole ak Dr Magellan Césaire, bay 356 prizonye ki nan prizon Sivil Pòdpè a yon pla cho wololoy, jodi jedi 17 novanm 2022 a.

Aprè Sosyete sivil Obè a te òganize yon sòlòkòtò dietribisyon manje kri pou prizonye yo ki nan prizon sivil Pòdpè kèk semèn pase, fwa sa yo pote manje ki tou prepare. Prizonye yo nan yon sitiyasyon malnitrisyon depi yon bon bout tan nan peyi a, se sou mirak ak nan gwo tèt cho pou yon jwen yon lasibab. Anpil fwa responsab yo lanse SOS pou mande sipò moun ki gen bòn volonte; konsa, e Sosyete Sivil Obè a toujou reponn an gran panpan.

Daprè youn nan responsab prizon an, sou plis pase 300 moun ki nan prizon an, pa gen 50 moun ki pot manje pa jou. Yon siy ki montre anpil moun ki nan prizon an abandone; gen anpil nan yo ki pa moun Pòdpè. Andeyò de manje prizonye yo pa ka jwenn, gen anpil nan yo ki malad, yo gen gwo difikilte pou jwenn swen. Plizyè nan yo remèt Sosyete sivil Obè a, divès ti papye ki chaje ak doleyans pou asistans pote sekou.

Nap raple tout moun kap swiv TriboLAND, to detansyon prevantiv pwolonje a trè wo nan prizon sila. Daprè batonye bawo Pòdpè a, Me Edler Louima, sou kantite prizonye ki nan prizon an, se 27 sèlman ki konn pou konbyen tan yo la. Gen anpil dosye ki pa ni nan pakè, ni nan tribinal paske yo pèdi. E Nouvo komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Me Applys Félix pwomèt lap travay sou kantite moun kap kwoupi nan prizon san jije.

Comments are closed.