Pòdpè : Yon gwo wòch woule ak yon pye bwa sou wout pou moute nan kazèn nan !

920

12 – 20 – 2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Aksyon sa pase madi ki 19 desanm 2023 a, apre anpil lapli ki te tonbe sou tout depatman Nòdwès la, espesyalman nan vil Pòdpè. Sa ki koz yon glisman teren oubyen deboulonnay tè pase, epi ensidan sa rive.

Nan kad konsta ekip TRiboLAND nan te ale sou plas pou te fè, enfòmasyon yo ta fè konnen e, pa gen anyen grav, pa gen moun ki enplike nan ensidan sa !

N ap fè konnen, kote wòch la soti a, gen moun ki abite sou wotè a nòmalman, sa vle di, konstriksyon kay nòmal.

Sa ki vin fè moun yo vin gen yon laperèz ak sa ! Paske nan ti pale yo te fè ak ekip TriboLand nan, yo di, dènye moman sa yo lapli a tonbe anpil e yo sispèk sa ap kontinye!

N ap raple w, fòm kay ki fèt nan espas la, se kay ki fèt ak tòl, epi bwa sèlman. Se yon bann konstriksyon ki pa respekte okenn estanda ! Moun yo sèlman jwenn yon espas, yo mete kèk moso tòl ansanm epi yo abite ladan l. Biza nan tout sa, se bagay ki kapab koute lavi.

Sepandan, depi jou sa pase a, pou koulya pa gen okenn enstans etatik ki vin gade ki sa bagay la ye. E, wout sa, se kote tout moun pase pou al nan majorite biwo Leta nan vil Pòdpè!

Comments are closed.