Kat motosiklèt pou ranfòse sekirite nan awondisman Lagonav; yon asistans kokorat

194
0
Share:
TRiboLAND

03/08/2026

Lagonav, Ayiti _____(TRiboLAND) Vis-Delegesyon awondisman Lagonav la anonse yon nouvo dispozisyon ki pran pou amelyore kapasite entèvansyon fòs lòd yo sou zile a. Desizyon sa pran apre plizyè demach ak dyalòg ki fèt ak Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou chèche solisyon ki kapab ede lapolis pi byen reponn ak bezwen sekirite popilasyon an. Otorite yo fè konnen objektif prensipal la se ranfòse prezans polisye yo sou teren an epi amelyore repons rapid nan sitiyasyon ijans.

Nan sans sa a, kat motosiklèt deja prevwa pou sèvi diferan komisarya ki nan awondisman an, espesyalman nan zòn Ansagalè ak Pwent-a-Rakèt. Nouvo materyèl roulman sa yo ap pèmèt polisye yo deplase pi fasil, sitou nan zòn ki difisil pou machin pase. Selon responsab yo, ekipman sa yo pral ede ogmante mobilite lapolis la epi rann entèvansyon yo pi rapid kote sekirite popilasyon an mande sa.

Vis-Delegesyon an pwofite renouvle angajman li pou kontinye kolabore ak tout enstitisyon sekirite yo ansanm ak lòt otorite konsène yo. Objektif la se ankouraje plis sekirite, plis estabilite ak pi bon sèvis pou tout sitwayen ki nan awondisman Lagonav la, pandan y ap chèche mete pi bon kondisyon pou lapolis fè travay li efektivman.

Paralèlman, kritik yo pa manke pase anba ridikil enstitisyon gouvènman an ke yo estime ki pa koeran nan sa ki genyen pou wè avèk fasilite deplasman ajan fòs lòd yo avèk sèlman 4 motosiklèt nan kad sekirite pou yon parèy popilasyon. Yon jès ke yo kalifye rizib ak refleksyon tèt mato kap kokoratize rejyon pwovens yo nan pwomote santralizasyon.

Share:

Leave a reply