Popilasyon an nan Jeremi ta sanble li kòmanse ap konte kadav fas ak ensekirite alimantè a.

1,164

03-31-2023

Jeremi, Ayiti____( TRiboLAND) Fenomèn ensekirite jeneralize a dapwè kèk moun ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND nan Jeremi, fè konen se manje moun yo nan katye defavorize yo pa genyen ase pou yo manje ki se youn nan faktè kap anvlimen ensekirite jeneralize a ki deja fè anpil viktim.

Se ka malere sa a, jodi vandredi 31 mas 2023 a, zonn Kafoubak, kipote non Wilgenz ki mouri atè nan lari a koz grangou (Kaloko) ki pote’l ale. Kadav la te pase yon bon bout tan nan flanm solèy cho; jij dépè, ou Lameri pat depeche pou fasilite konsta vwa pou ta leve kadav la.

Pou pa kite kochon ak chyen manje kadav Wilgenz ensi koni, kèk moun pwan inityativ pase yon lakolèt nan mande tout moun kap pase. “Sa w genyen, lage nan kòbèy la, pou lamou Bondyé ak pou achete yon sèkèy madoulè pou antere pòv malere Wilgenz ke leta ou gouvènman sangwen an ak manm fanmiy, pa menm vinn leve”, daprè youn nan prochen ki genyen kè nan men e ki tap kolekte tchotcho yo.

Comments are closed.