Tout espas sikilasyon nan vil Pòdpè tounen mache anachik

970

Chak jou ki jou, se mache k ap miltipliye nan vil Pòdpè. E moun yo deside fè l san okenn kè sote!

12 – 19 – 2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit gide ki te fèt anndan vil Pòdpè a, ak yon gwoup jounalis, dimanch ki te 17 desanm 2023 a, se ak anpil sezisman ekip la t ap konstate, dezòd anachik sikilasyon piblik Site Kapwa Lamò a. Pa genyen kote pou pike zepeng.

Machin, motosiklè, Bank Bòlèt ak Ti Machann yo fè yon sèl. Tout bò lari a, kote pou machin ak moto pase, se la Ti machann yo vin tabli katye jeneral mache yo. E sa ki pi rèd, yo anvayi twotwa ak espas prive sitwayen yo manu militari.

Nan konvèsayon ak ekip repòtaj TRiboLAND yo e Ti Machann yo, kote kesyon:
Poukisa se nan bò wout la, kote pou machin ak moto pase yo chita pou vann?, te soulve,

Ti Machann tef è konnen: « Nou pa gen lòt chwa, paske se lavi n ap chèche ! Nou pa ka rete chita, fòk nou vin bat lari a pou nou kenbe ti souf la. Leta pa kreye kote pou nou chita, Lameri pa deside ban nou espas pou nou degaje nou ! »

Sa fè, moun yo vin gen yon konfòtabilite san parèy nan fason yo deside anvayi espas piblik yo nan lari a pou yo vann. Pousyè, fatra poze sou tout sa moun yo ap vann!

N ap raple w, Lameri te anonse l’ap leve moun yo nan lari a paske y ap kreye yon espas espesyalman pou Ti Machann yo vin vann, men jiskaprezan, poko gen anyen ki fèt pou yon parèy pwoblèm rezoud! Se yon veritab anachi ke swadizan otorite iresponsab vil Pòdpè yo ap alimante atravè kòripsyon ak enbesilite.

Nan tan nòmal, li vrèman difisil pou w frekante lavil, paske tout kote boukle ak mache, tout moun okipe espas yo ak machandiz. E pa gen okenn eleman etatik ki kapab mete yon fwen nan yon parèy dezòd ki jwen benediksyon Lameri.

Comments are closed.