PHTKadis e Jovenelis : Gwo tansyon ant Daremond ak Gwo manno nan Pòdpè

3,002

Par Louis Jameson 11/09/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Ansyen delege depatmantal nòdwès la, Emmanuel Rémy alyas “Gwo manno”, nan yon piblikasyon’l fè sou Facebook, konseye Daremond ak tout ti ekip Martine Moise la pou yo resezi yo. Mesye Rémy ki se yon gwo mapou PHTK, te pwofite moman an egalman pou trete jovenelis yo “gwo engra” ki arive menm figire non ansyen pwezidan Michel Martelly nan yon espòt piblisitè. “Gwo Manno” pa konnen ki sen pou li rele lè li aprann ke ekip sa menm arive enplike non ansyen pwezidan an nan lanmò defen Jovenel Moise.

Konsa, ta sanble ansyen delege Depatmantal PHTK a ta pwàl foure dwàt li nan yon nich gèp panyòl! Daremond ki ta sanble genyen nan ADN li Jovenelivit, pat pran tan pou te bay Gwo Manno mounen pyès li. Konsa, malgre yon pakèt ràd sàl, mizè ak kriz tout kalite kap bwàse bil depatman Nòdwès la, tòchon ant 2 Gran Toryan sa yo, se yon veritab “chofe jarèt terapetik” e menm pwèt pou devye vijilans popilasyon an sou veritab ma swife ke lap moute.

Daremond Jovenelis, ki se egalman pwopwiyetè yon Radyo nan site Kapwà Lamò a, mande Gwo Manno pou pa ba li konsèy! “E nòt ou mete deyò a, pa fèm ni cho ni fwèt. Dayè, si yon pwezidan ta arive livwe konsa, se pa mwen ki pou pa ta pè mouri. Kontinye touye moun pou m wè si w ap kap fè tout tan w sou tè a! Tout moun konnen kote ke mwen kanpe nan politik e mwen pa janm negosye pou kòb ak moun nan eleksyon; Evallière Beauplan, Kedlaire Augustin, Lucas Sainvil e menm Michel Martelly kapab temwànye sa”, dapwè Daremond ki tap kase mete nan men Gwo Manno nan vil Pòdpè.

Ak yon vwà gwo gagann ki chaje ak enèji, Daremond te deside kase e mete san anestezi nan men ansyen delege depatmantal nòdwès la, Emmanuel Rémy alyàs Gwo Manno.

Comments are closed.