Pòdpè / Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND klotire dezyèm jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik nan zòn Ri Twa Gras, Pòdpè.

1,396

04-02-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND reyisi dezyèm jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik nan zòn Ri Twa Gras, lokal “Collège Jean Price Mars”, Pòdpè. Plis pase 100 jèn reyini pou swiv gwo kokennchenn fòmasyon sila, nan objektif pou konbat delenkans jivenil, ak ede yo gen yon zouti kap pèmèt yo fè bwasaj ekonomik.

Chanpou, swavitèl ak sanitazè, se pami pwodwi sa yo jèn yo aprann fè jodi dimanch 2 avril 2023. Pandan 2 jou sa yo, jèn yo aprann fè plis ke 10 pwodwi nan sa ki gen pou wè ak fabwikasyon pwodwi chimik.

Fondasyon TRiboLAND ap kontinye fòme jèn nan tout peyia, yon fason pou ede yo pran bon direksyon kap pèmèt yo vin otonòm. Seri fòmasyon sa reyisi gras ak sipò komite Ri 3 Gras la, kap dirije anba direksyon Dyak Dorvil Jacquelin nan tèt kole ak Direksyon Fondasyon TRiboLAND ki gen nan tèt li an Ayiti Me Ychmuth Corneille.

“Yon lòt fwa ankò bon travay TRiboLAND”, daprè sa patisipan yo tap klewonne nan fen seyans fòmasyon an.

Comments are closed.