Depi yon bout tan, lavi jènn gason residivis nan sosyete Jeremi an, vinn trè kout.

839

12- 19 – 2023

Jeremi, Testas, Ayiti____ (TRiboLAND) Depi yon bon bout tan lavi asasen, volè, ak residivis san fwa ni lwa ke manm popilasyon an rekonèt nan zonn yo, vinn trè kout. Se bon pye residivis kat make sila yo, ki pafwa sove yo, anba fòmil ki pi senp lan, ki se aplikasyon pwogram “Bwa Kale” a.

Anpil nan move je ki jwenn lanmò yo, atravè aplikasyon fómil “Bwakale” a, sitou nan Jeremi, se gras ak operasyon pote boure ki fèt nan tèt kole Lapolis ak manm nan popilasyon an, nan zonn konsène yo.

Nan premye seksyon kominal Jeremi, Testas, plizyè jenn gason yo akize kòm volè, residivis ki fè prizon pou krim tout kalite, bwè dlo bouch yo; nou ka site pou maten dimanch 17 desanm 2023 a, Kesnel Antoine (Alyas Tibouda) arive kalifye nan kad pwogram BK a, ki ta sanble ap byen mache nan depatman Grandans lan.



Comments are closed.