Yon lòt jounalis disparèt tankou kout zeklè nan kapital peyi Dayiti.

957

Banatte Daniel, se non yon journalis Radyo Regard FM, fanmiy li ap chèche l tankou chen fou jamè retwouvew li.

12-17-2023

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Sektè medyatik la nan kapital peyi Dayiti sou wout pou resevwa yon gwo pataswèl anba men fenomèn ensekirite a kap taye banda, depi yon bon bout tan.

Banatte Daniel yon jounalis pwofesyonèl Radyo Regard FM 92.7, disparèt tankou kout zeklè nan dat vandredi ki te 15 desanm 2023 a, jiskaprezan pèsòn pa gen nouvèl li. Nap raple ou, kidnapè nan pòtoprens te manke pote ale Banatte Daniel nan mwa kite pase yo, se te de jistès jounalis la te sove anba men yo.

Nan moman nap pale la, fanmiy, zanmi ak pwòch jounalis la enkosolab, sa ki pèmèt yo lanse yon apèl solidarite ak popilasyon an nan lide pou ede yo rejwenn jounalis Banatte Daniel.

Comments are closed.