Jan sa te anonse, komite pilotaj nasyonal sou kesyon refòm konstitisyon an , demare ak premye jounen yo nan vil Jeremi

319
0
Share:
TRiboLAND

02 – 06 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Premye jounen travay atelye sou kesyon rèfòm Konstitisyon 1987 lan nan Jeremi, dewoule jounen 05 fevriye 2025, san okenn bouch mare ak ensidan majè.

Diferan sektè nan sosyete sivil Grandans lan, manm sektè piblik lan, fanm kou gason te reponn prezan, nan Fwaye Kiltirèl Jeremi an, nan kad bwase lide sou kèk tematik ak sijè ki baze sou sosyete.

Dezyèm jounen a, pwal maniganse jodi jedi 06 fevriye an. Chak sektè ki te twavay an gwoup  yo ap genyen pou prezante rapò travay yo, an tèm pwopozisyon. Konsa, yo pwal deklare si “wi” ou “non”, ou menm kòm sitwayen, kòm òganizasyon, dakò ou pa dakò avèk pase men nan Manman Lwà peyi a.

Share:

Leave a reply