Radyo Marconi FM: yon nouvèl etwal liminez nan mond medyatik la nan Nòdwès

0 869

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Trant (30) jiyè demil disnef sa a, yon nouvèl etwal prente tou fe tou flam nan mond medyatik la nan depatman nòdwès, notamman nan vil Pòdpè, se “RADYO MARCONI FM”. Radyo sa k’ap liminen antèn li sou 91.5 lokalize l’ nan ri Benito Silven kole ak lokal Kolèj Imakile Konsepsyon an. Aprè anpil sakrifis, travay di ak envestisman, finalman 2 pitit site kapwa lamò-a vinn ofri yon pwodwi kote tout kouche sosyal ap retwouve yo ladan-l. Se pa yon estasyon radyo ki vinn ogmante kantite medya ki deja gen yen nan chèflye depatman Nòdwès lan, daprè deklarasyon Ychmith Corneille (Rambo) k’ap pwpmouvwa gwo pwojè sa.

Me Corneille Ychmith, PDG Radio Marconi FM, Port-de-Paix, Haiti

“Nou pral travay poun fè diferans lan. Sa ki pwal fè fòs nou nan “Marconi FM” se kalite pwogramasyon nou”, se sa Me Corneille Ychmith deklare kèk èdtan avan lansman nouvo medya sa nan vil Pòdpè. Si anpil medya nan vil la, se mizik kompa ak bòdègèt sèlman ke yo gen yen nan pwogramasyon kotidyen yo, inityatè pwojè a, reve yon radyo Marconi k’ap reponn ak vrè misyon tout gwo radyo ta dwe gen yen, si n’ vle kwè pwopo Corneille Ychmith. Dayè, Radyo Marconi FM vini ranfòse travay www.triboland.com komanse reyalize nan domèn enfòmasyon an fòmasyon entènot yo. ” Menm jounen jodi a gen anpil moun ki renmen li atik triboland yo, konsa oditè pral anvi tande Radyo Marconi FM e menm bwanche 24 sou 24 sou Tele Marconi atravè https://triboland.com/tribo-tv/ se pawòl Me Corneille ki rejte tout lide de foli, men se konkretizasyon yon vizyon ki baze sou pwojè de sosyete. 

Toutfwa, ouvèti radyo Marconi nan jounen Madi 30 Jwiyè a rantre nan koudesè responsab nouvo medya sa a ap fè pou finalman demare ak yon vitès dekwazyè. Paske seremoni inogiral la ap gen pou fèt avan lontan, e lè sa a se pral ouvèti ofisyèl radyo MARCONI daprè deklarasyon responsab yo. Li rete kounya pou popilasyon nòdwès la an jeneral tann pou wè ki chanjman reyèl plantasyon nouvo medya sa a pwal pote nan jan radyo isit ap fonksyone. 

Marc Est Ossam, TRiboLAND

Leave A Reply