Anpil moun onèt nan Jeremi, bat bwavo ak kontantman pou fason polisye (BIJER) yo ap travay.

201
0
Share:
TRiboLAND

12 – 12 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Prezans polisye ki fè pati Brigad Entèvansyon Jeremi yo, sisite yon gwo deba nan mitan sosyete a nan vil Jeremi.

Anpil moun wè nan polisye BIJER sa yo, yon volonte manifès pou fè patwouy nan tout kwen nan vil Jeremi; kontrèman a lòt inite yo, ki senpleman rete nan lakou komisarya a: kalewès ak tannn chèk ak lòt privilej ke leta ba yo. Anpil fwa, yo pa janm teni kont pwoblèm majorite a ki ap viv nan ensekirite jeneralize.

Fas a angouman manm brigad entèvansyon Jeremi yo (BIJER) pou tabli lòd piblik ak pou fasilite lib sikilasyon popilasyon pezib lan, sitwayen ak sitwayènn yo, pa sispann bat bwavo ak  lakontantman pou polisye yo ki fè pati inite espesyalize sila. Se yon mouvman, selon majorite a, ki bay tout bandi san fwa, ni lwa limite yo.

Share:

Leave a reply