Mesye Jackson Occean, akize kòm yon fo medesen.

204
0
Share:
TRiboLAND

12 – 10- 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Mesye Jackson Occean, se swa dizan yon jenn medesen nan Jeremi, ki genyen klinik prive li nan zonn Karakoli. Li pwatike egalman nan lopital Sentantwann Jeremi, sitou nan pwogram Kolera a.

Swit a plent otorite ministè sante piblik yo, komisè gouvenman, jiridiksyon Jeremi an, Andre Mary Pyram arete prezime fosè an, Mesye Jackson Occean, aprè l finn tande akize a, anprezans avoka l ak reprezantan ministè lasante a, doktè Angello Duvelson. Konsa, chèf pakè a deside fè depo pou akize a, ki deja pase plizyè jou pa dèyè 4 miray prizon sivil Jeremi an.

Selon, konpreansyon ak analiz obsèvatè yo fè sou dosye akizasyon sitwayen Jackson Occean an, kòm fo doktè, se posib pou komisè gouvenman an, defere dosye an nan kabinè enstriksyon. Pandan ke enfòmasyon yo, fè kwè minis sante a, doktè Alix Larsen deja lanse manda dèyè Dwayen inivèsite a, nan Potopwens ki se Mesye Joseph Lafortune. ‎



Share:

Leave a reply