Pou pi piti 20 moun blese e plizyè lòt mouri anba bal nan yon fèt anivèsè nan Alabama

1,093

04-16-2023

Alabama, Etazini____(TRiboLAND) Lapolis nan Dadevil, biwo cherif konte Talapousa ak biwo ankèt Eta Alabama san konte plizyè lòt enstans te entèvni nan yon lokasyon nan entèseksyon East Green Street ak North Broadnax Street vè 22:30 osijè de yon fiziyad, selon ki vini jwenn TRiboLAND.

Selon yon fotograf yon temwen rapòte, genyen omwen kò san vi sis adolesan blayi e kouvri ak dra blan. Ajoute ak sa, ta genyen omwens 20 moun ki blese, selon sa ke WRBL ta rapòte. Lòt viktim yo te oblije transpòte nan yon lopital lokal pou swen nesesè. Sepandan, otorite yo pa ofisyèlman divulge kantite moun ki mouri e blese.

Ankèt preliminè detektiv yo ta sispèk se yon katcha boumbe ki ta anjandre yon parèy fiziyad nan fèt anivèsè yon ti lèzanj adolesan, daprè sa WRBL deklare.

Lapolis ankouraje tout moun ki ta genyen enfòmasyon apropriye, kontakte pòs polis Dadevil oubyen biwo cherif konte Talapousa a.

Paralèlman, genyen yon lòt fiziyad ki okazyone 2 mò ak 6 blese nan Lwivil nan Eta Kentòki nan Etazini.

Comments are closed.