Grefye yo nan jiridiksyon Nòdwès la tanmen yon mouvman grèv jounen madi 12 desanm 2023 a.

837

12 – 12 – 2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Grefye yo nan depatman Nòdwès la tanmen yon mouvman grèv ilimite nan majorite Tribinal de Pè yo nan jiridiksyon Nòdwès la, ak tribinal Premyè enstans Pòdpè a, jounen madi 12 desanm 2023 a.

Mouvman grèv sa a, tanmen nan jiridiksyon Nòdwès la, nan lide pou fè solidarite ak Asosyasyon Nasyonal Grefye yo ki atravè yon lèt yo adrese Minis Jistis la, Madam Emmelie Prophète Milcé, pou anonse li, yo tanmen yon mouvman grèv depi nan dat ki te 8 desanm 2023 a.

Enfòmasyon nou arive rekeyi bò kote kèk grefye nan tribinal de Pè Pòdpè a, fè konnen yo rete solidè ak nòt Asosyasyon grefye yo, se nan lide pou egzije Minis Jistis la, respekte akò ki te sinye ak yo a nan dat ki te 03 novanm 2017 la.

Comments are closed.