Fondasyon TRiboLAND lanse premye jounen fòmasyon gratis li sou fabrikasyon sandal Kwi ak valiz nan Basen ble.

991

12 – 01 – 2023

Jan sa te anonse a, plis pase yon trentèn fanm ak gason ki soti nan plizyè zòn e lokalite nan Basen Ble ak divès seksyon, te rive swiv premye seyans atelye fòmasyon yo sou fabwikasyon sandal ak valiz.

Nan moman apretisaj yo, konsta yo te montre anpil volonte nan mitan aprenan yo, se te yon moman moun yo te reyèlman ap tann; e malgre li te komanse fènwa aprenan yo avèk fòmatris la, madam Ermite Lami te rete motive.

Madam Lamy nan kalite fòmatris li, te bay tout li menm avèk anpil pwofesyonalism pou rive boukle e reyisi premye jounen sa, e nou ap tou pwofite espas sa pou di l gwo tonton mèsi nan non tout Komite Basen Ble a e Komite Kawodati ki gen nan tèt li Kòdonatè Fesnel Occéan.

Se yon jounen ki te trè rich e reyèlman anime avèk plizyè atelye travay ki te gen enstriksyon fòmatris la ki trè pwofesyonèl. Nap di yon gwo mèsi egalman pou Papa Loulou, pou kouraj li e pou bon sens li nan dispoze fòmasyon gratis pou pèmèt plizyè milye moun aprann kichoy kap itil yo pou lavi.

Randevou kase pou 2e jounen fòmasyon an demen bonè vè 8 : 00 am, toujou nan komin Basen Ble.

C. Romario Accilien
Kòdonatè TRiboLAND Basen Ble, depatman Nòdwès

Comments are closed.