Fondasyon TRiboLAND : Jèn nan Maye, zile Latòti benefisye 2 jounen fòmasyon gratis sou chimi-endistriyèl ak resiklaj

277
0
Share:
TRiboLAND

09/13/2026

Maye, Zile Latòti, Ayiti______(TRiboLAND) Toujou nan objektif pou rive bay jènn kap fè fas kare ak mizè, pwostitisyon, chomaj, aktivite gang ak delenkans jivenil, kichòy pou suviv, Fondasyon TRiboLAND arive ateri nan Maye, zile Latòti pandan weekend lan.

Yo te plis pase 90 jènn fi kon gason ki te soti nan plizyè lokalite nan Maye, jounen vandredi 11 septanm 2026 lan, nan objektif pou boske lavi atravè 2 seyans fòmasyon gratis sou chimi-endistriyèl ak resiklaj nan Legliz Betesda, Maye. Patisipan yo ki deklare se premye fwa nan vi yo, yo arive wè genyen yon antite ki fè yo panse ke yo egziste jous nan bout kwen kote yo ye la, sou zile a. Konsa, anpil nan yo pap kapab imajine yon parèy inisyativ ak sèvis ki vini jwenn yo san senkòb Lesko.

Antouka, 2 bèl jounen aprantisaj ki mete kichòy nan men patisipan yo ki te aswafe yon seri metye manyèl ke lokalite te manke. Nan kad pwemye jounen fòmasyon an, fòmatè Christopher Ducasse, ki te soti jous Mawouj, te pataje konesans savoir-faire li nan sa ki genyen pou wè avèk chimi-endistriyèl, kote jènn yo te benefisye yon nivo konpetans abilite nan fabwikasyon savon likid, diven e latriye. Sepandan, jounen samdi a, te plis chita sou jesyon dechè ak resiklaj, kote ke yo te transfòme yon seri pwodwi an tas, rido, bale, e latriye.

Bwavo pou frè Jerome, Wesley, Vivianne, e tout jèn nan Maye ki te soti byen lwen pou boske moso konesans nan savoir-faire. Ke sa yo aprann lan, kapab pataje ak lòt kap triche sou chemen lavi peyi Dayiti, ki plis ke yon lanfè!

Nou vle raple, Fondasyon TRiboLAND pa genyen e pa asèpte pran finansman ou donasyon nan men oken antite atravè planèt la; latriye fòmasyon gratis kap delivwe atravè Repiblik Dayiti, antre nan kad devwa yon sitwayen ayisyen, ki se pitit Nòdwès peyi Dayiti ki rele Louis Marie Louissaint, alyas Papa Loulou. Aksyon sosyal sila yo, ki ap miltipliye anndan peyi Dayiti depi lane 2019, finanse inikman avèk sipò ekonomik fondatè Loulou, ki rete kwè ke edikasyon ou antreprenarya se inikman chemen dapezman ekonomik pou jèn yo nan moman kote ke peyi Dayiti ap efondre.

Share:

Leave a reply