Anbasadè ayisyen, Vilbert Belizaire dekore kont-amiral Marcelo Cristian TARAPOW nan Buenos Aires

956

12 – 01 – 2023

Buenos Aires, Ajantin____(TRiboLAND) Se jodi jedi 30 novanm 2023 a, nan mitan yon gwoup moun varye, ke anbasadè ayisyen an nan repiblik Ajantin, Vilbert Belizaire, dekore an gran panpan, kont-amiral Marcelo Cristian TARAPOW nan Buenos Aires.

Marcelo Cristian TARAPOW, ki se direktè jeneral Edikasyon nan Lekòl Naval la nan peyi Ajantin, arive benefisye yon parèy distinksyon/tit Chevalier de “l’Ordre Pétion et Bolivar” pou detèminasyon li ak efò konsète li nan elaborasyon ak mete sou pye yon koperasyon militè ant peyi Dayiti ak peyi Ajantin.

Comments are closed.