Enkwayab krim nan peyi Lafwans: yon papa asasine 3 pitit li ak kout ponya

1,027

11-26-2023

Alfòtvil, Lafwans____(TRiboLAND) Krim kap pase nan lòt peyi mwen avanse yo, pa depaman ke sa kap fèt yo nan Lafwans chak jou ki jou. Konsa, yon papa 41 lane rann tèt li nan pòs polis Sèn Maritim e konfese ke li touye 3 pitit li ki te nan laj 5, 10, e 11 lane.

Otorite polisyè ak lajistis yo te anba gwo sesisman lè yo te rive sou plas e konstate 3 kò sanvi ti inosan, tchake ak kout kouto, e yo tap benyen nan basen san, maten dimanch 26 novanm 2023 a, nan lokalite Vademànn nan peyi Lafwans.

Kidonk, menm polis yo ki te deplwaye sou pis krim nan, te anba gwo chòk; alòske kèk dosye kriminèl deja fè eta de yon seri ka vyolans domestik minim ke kriminèl la te deja genyen sou tèt li.

Comments are closed.