Yon manman ayisyèn mouri anndan yon apatman ak 3 pitit li nan peyi Lafwans

503

06/16/2021

Val-d’Oise, France______(TRiboLAND) Otorite fwansè yo dekouvwi kadav an dekonpozisyon yon manman ak 3 pitit li mouri nan 4èm etaj nan apatman yo nan Val-d’Oise nan peyi Lafwans.

Se vwazen yo ki te oblije rele sèvis ponpye apwè yo te konstate move odè ki tap degaje, alòske yo genyen plisyè semèn yo pat remake oken va e vyen fanmiy sila. Manman an ki orijin ayisyèn genyen 44 lane mouri sou kabann li toupwè trouve li mouri akote pitit fi li ki genyen 2 lane; nan yon lòt chanm se te kadav pi gran pitit gason li ki  genyen 17 lane ansanm ak ti frè li ki genyen 5 lane.

Anketè yo ta sanble pwivilijye krim nan kòm yon swisid ke manman an komèt. Selon enfo yo, yo ta jwen plizyè vè aglas tou pwè chak viktim yo, alòske manman an te genyen yon vè nan men l. Yon ipotèz avanse ke se manman ki ta sanble touye tout timoun yo e touye tèt li apwè, se youn nan pis ke otorite yo pi pwivilejye.  Yon lòt ipotèz bòkote lapolis ta sujere se entoksikasyon monoksid kabòn ki ta touye fanmiy lan.

Antouka, responsab yo nan site Val-d’Oise pran anchaj ankèt yo e yo ap gen pou pwosede ak otopsi kadav yo, yon analiz toksikoloji kò yo ak kontni glas yo.

Pou kèk moun ki kwè nan minewolj, vle montre ke chif kat la alonè nan yon parèy dràm tankou : (manman an genyen 44 lane, krim nan fèt nan 4èm apatman e se 4 moun ki viktim; anplis lè ou pran laj pigran tigason an, 17 e ou ajoute laj 5 dezyèm gason an ak 2 lane ti fiyèt la, sa bay 24).

Comments are closed.